Accessibility links

Breaking News

Lafrik Pa p Bay Ikrѐn Tout Sa L Ap Mande a, daprѐ Analis yo


Russia's President Vladimir Putin (right) attends a meeting with Senegal's President Macky Sall, who is currently the chairman of the African Union, at the Bocharov Ruchei state residence in Sochi, Russia, June 3, 2022, in a Sputnik/Mikhail Klimentyev/Kre
Russia's President Vladimir Putin (right) attends a meeting with Senegal's President Macky Sall, who is currently the chairman of the African Union, at the Bocharov Ruchei state residence in Sochi, Russia, June 3, 2022, in a Sputnik/Mikhail Klimentyev/Kre

ADIS ABEBA, ETYOPI - Analis yo fѐ konnen li pa sanble posib pou Inyon Afriken an (IA) bay Ikrѐn telman sipò kont Larisi malgre yon apѐl plen pasyon Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, lanse lendi nan sans sa a. Anpil peyi afriken gen rapò istorik avek Moskou e yo refize kondane envazyon Ikrѐn nan.

Nan yon diskou Zelenskyy mete devan Inyon Afriken an lendi, li akize Larisi dѐske li pran kontinan afriken an ann otaj lѐ li pa kite ekspòtasyon sereyal ikrenyen ale nan peyi afriken yo toutotan loksidan pa leve sanksyon li mete sou do Moskou yo.

Lidѐ ikrenyen an, ki te pale pa vizyo-konferans, raple dirijan IA yo istwa kolonizasyon Lafrik, pandan li fѐ konnen kontinan an pa ta janm kapab sipòte efò yon peyi pou l kolonize yon lòt.

Abdi Rashid, prensipal analis ki fѐ rechѐch sou rejyon Kòn Afrik la pou Sahan Research, yon gwoup ki baze nan Nayewobi, o Kenya, fѐ konnen, menm pandan anpil peyi afriken manifeste siò yo pou Larisi akoz ansyen Linyon Sovyetik la te apiye mouvman liberasyon yo kont pouvwa kolonyal yo ak sistѐm apartheid la, Larisi chanje. Li ajoute:

Mwen panse petѐt Afriken yo poko konprann reyalite Larisi modѐn nan. Alòs, nou dwe modѐnize ipinyon nou sou Larisi epi konprann ke Larisi jodi a se esansyѐlman yon puisans enperyal ki febli e ki vle rejwenn enfliyans ak sipremasi li te genyen lontan an.”

Apre diskou Zelenskyy a, Moussa Fakit Mahamat, prezidan Komiyon Inyon Afriken an, ekri sou kont Twitter li:

“Inyon an repete pozisyon li, asavwa yon dyalòg se yon bezwen ijan pou mete fen nan konfli a (nan Ikrѐn) pou pѐmѐt lapѐ retounen nan rejyon an epi retabli estabilite mondyal la.”

Hassan Khannenje, direktѐ Enstiti Entѐnasyonal Etid Estratejik pou Kòn Afrik la, bò kote pa l, deklare reyaksyon Inyon Afriken an pa bay Zelenskyy tout sa l t ap tann nan. Dapre li Lachin, ki gen bon jan rapò ak Moskou, pa t ap apresye yon pozisyon ki an favѐ Ikrѐn. Li fini pa di kalkil jewopolitk Lafrik dwe fѐ, mete sou puisans relatif kontinan an nan sistѐm entѐnasyonal la pa pѐmѐt li pran pozisyon an favѐ ni youn ni lòt nan 2 pati ki an konfli yo.

XS
SM
MD
LG