Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Naftali Bennett Anonse Gouvènman Koalisyon k ap Dirije Peyi a Pwal Kraze

ISRAEL-POLITICS/

Biwo Premye-minis israelyen Naftali Bennett anonse ke gouvènman koalisyon k ap dirije peyi a pwal kraze, sa ki ap deklanche yon nouvo eleksyon.

Bennett ak prensipal patnè li nan koalisyon an, Yair Lapid, pwal kraze palman an nan jou k ap vini yo, dapre Biwo Bennett la. Lapid pwal sèvi kòm premye-minis pwovizwa jouk gen yon nouvo gouvènman.

Gouvènman Bennett la te frajil depi li te koumanse fonksyone, sa gen yon lane - se yon koalisyon 8 pati diferan ki gen ladann pati zèl-dwat, liberal ak Arab Mizilman.

Gwoupman an te koumanse defèt apre plizyè manm pati Bennett la te abandone li, kote yo te di yo santi Bennett t ap fè twòp konpwomi ak patnè li nan koalisyon an.

Nouvo eleksyon an ta bay Premye-minis Benjamin Netanyahu, ki te fè anpil tan nan pòs-la, yon chans pou li tounen nan pouvwa a. Netanyahu kounyea se lidè opozisyon apre 12 lane sou pouvwa.

See all News Updates of the Day

Ex Prizonye Ameriken Iran Libere yo Rive Etazini

Ex Prizonye Ameriken Iran Libere yo Rive Etazini
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:01 0:00

5 ameriken ki te nan prizon ann Iran reyini ak fanmi yo Ozetazini apre yon boukantay prizyonye ant Washington ak Teheran

Ameriken Iran Libere Rive Ozetazini ak Dlo nan Je yo

Manm fanmi Ameriken Iranyen Emad Shargi, ki fek jwenn liberasyon ni kwoke misye nan moman li rive nan baz milite Ameriken Fort Belvoir nan eta Vijini, 19 Sept. 2023.

Ameriken Iran libere apre li te fèmen yo nan prizon pandan plizyè zane tounen Ozetazini epi deklare "Libète!"

Ansyen prizonye yo te poze pou yon foto an gwoup ak fanmi yo nan baz militè ki rele Fort Belvoir, nan eta Vijini, bonè Madi.

Frè youn nan Ameriken libere yo di "kochma a -an fen - fini."

Ameriken sa yo te jwenn liberasyon yo gras ak yon antant politik oze kote Prezidan Joe Biden te dako pou debloke $5,9 milya byen Iranyen ki te bloke.

Negosyasyon pou libète Ameriken yo ranpote siksè epi anpil remèsiman bo kote fanmi ansyen prizonye yo.

Sepandan Repibliken yo kritike Biden pou aranjman finansye li fè ak youn nan pi gwo enmi Etazini.

Fanatik Foutbòl Iranyen yo Kouri al nan Otèl Cristiano Ronaldo a Apre li Debake Teheran ak Ekip Saoudyen an

Foto Achiv: Cristiano Ronaldo kontwole balon an pandan yon match amikal ant Al Nassr ak Paris Saint-Germain nan Osaka, Japon, 25 Jiye, 2023.

Plizyè santèn fanatik foutbòl anvayi otèl nan vil Teheran kote vedèt Cristiano Ronaldo desann nan pou eseye wè misye. Ronaldo ap vizite Iran ak ekip Saoudyen an.

Fanatik yo te chante "Ronaldo, Ronaldo" e yo te fonse sou lapolis Lendi. Se konsa yo te vinn anvayi koridò yo ak espas piblik otèl Espians Palace la.

Se premye vizit Ronaldo nan peyi Iran. Misye ap jwe kounye pou klib foutbòl Al Nassr, ki gen pou woule balon ak ekip Persepolis Iranyen an nan Teheran Madi.

Arabi Saoudit te reprann relasyon diplomatik ak Iran pi bonè ane sa a, gras ak yon antant kote Lachin te aji kòm abit.

Ronaldo se premye pami gwo vedèt foutbòl ki te aksepte kontra ki vo yon pakèt lajan pou jwe pou ekip Saoudyen.

5 Ameriken Iran te Fèmen nan Prizon Libere Lendi

De goch: Emad Sharghi, Morad Tahbaz ak Siamak Namazi, ansyen prizonye Iran te femen, kite yon avyon Qatar Airways nan Doha, Qatar, 18 Sept. 2023.

Ameriken Iran te fèmen nan prizon pandan plizyè zane libere Lendi e yo te mache men-nan-la-men nan moman yo tap desann avyon ki te transpote yo soti Iran.

Liberasyon an fè pati yon antant ant Etazini ak Iran ke yo te negosye ak anpil swen.

Boukantaj prizonye Etazini-Iran an vle di administrasyon Biden nan bay konstantman l pou debloke $6 milya byen Iranyen ke Kore di Sid dwe li.

Malgre liberasyon prizonye yo, tansyon yo toujou wo ant Etazini ak Iran sou kestyon pwogram nikleyè Teheran yo ak kèk lot kestyon anko.

Prezidan Iranyen an Ebrahim Raisi sugjere antant la taka ogmante konfyans ant peyi l ak Etazini. Sepandan boukantaj prizonye a fèt nan moman 2 rival yo dozado akoz pakèt militè ak bato Ameriken ki pran pozisyon nan Golf Pèsik la.

Plis Pase Mil Moun Mouri nan Tranblemanntè Puisan ki Frape Mawòk

Moun nan vilaj Moulay Brahim kouri kite kay yo ki sitye tou pre epi sant tranblemannte 7,2 ki frape tou pre vil Marrakech, peyi Mawok, Samdi 9 Sept, 2023.

Yon tranblemanntè puisan e ra frape Mawòk Vandredi swa epi touye plis pase 1,000 moun. Li fè dega tou nan vilaj ki sitye nan Morn Atlas yo ak nan vil istorik ki rele Marrakèch la.

Otorite yo poko konnen ki kantite moun ki mouri egzakteman nan moman sekouris yo ap travay pou wetire gwo bout woch ki tonbe epi bloke wout ki rive nan vilaj ki sitye nan morn yo. Se yomenm ki sibi pi gwo dega sekous la.

Yon Tranblemanntè 7,2 Frape Mawòk
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:24 0:00

Televizyon leta montre moun nan lari Marrakèch byen ta Vandredi. Yo te pè tounen nan bilding ki potko stab.

Ministè Enteryè Mawòk la deklare Samdi apremidi (le lokal) ke omwens 1,037 moun mouri e yon lot 1,204 blese.

Nan Marrakèch, yon Moske Koutoubia a ki date de 12èm syèk la sibi dega, men pou kounyea li pa klè konbyen dega ki fèt.

Load more

XS
SM
MD
LG