Accessibility links

Breaking News

Kremlin: "2 Ameriken yo Mete Anba Kòd nan Ikrèn Sete Mèsenè ki Menase Lavi Solda Ris yo "


FILE - Kremlin spokesman Dmitry Peskov speaks to journalists in Moscow, Russia, on Dec. 23, 2021.
FILE - Kremlin spokesman Dmitry Peskov speaks to journalists in Moscow, Russia, on Dec. 23, 2021.

2 Ameriken ke yo mete anba kòd nan Ikrèn pandan yo t ap batay nan kan Ikrenyen nan lagè a, sete mèsenè ki te mete lavi solda ris an danje e yo ta dwe pote responsablite pou aksyon yo, se sa Kremlen an deklare ayè lendi a.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov, te pale konsa nan yon entèvyou sou chèn televizyon ameriken NBC. Li di tou, vedèt basketball ameriken Brittney Griner, ki nan prizon nan LaRisi depi plis pase 2 mwa, koupab pou zafè dwòg e ke li pa yon otaj.

Kòmantè Peskov yo se premye fwa yon responsab ris rekonèt ofisyèlman ke 2 mesye yo, ke nouvèl ki soti Etazini idantifye kòm Andy Huynh ki gen 27 lane, moun bouk Hartselle nan eta Alabama, ak Alexander Drueke ki ge 39 lane, moun bouk Tuscaloosa nan eta Alabama, te anba envestigasyon pandan yo nan prizon.

Peskov di, "Yo te mele nan aktivite ilegal sou teritwa Ikrèn. Yo te enplike nan tire e nan lanse boulèt sou solda nou. Yo te mete lavi yo an danje."

XS
SM
MD
LG