Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Britanik la Boris Johnson Fè yon Lòt Vizit nan Kyèv


Boris Johnson and Volodymir Zelensky in Kyiv
Boris Johnson and Volodymir Zelensky in Kyiv

Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, fè yon vizit sipriz yon fwa ankò nan Kyèv vandredi, vizit sa a vini yon jou apre 4 lidè Inyon Ewòp la te fè yon vwayaj nan peyi a.

Boris Johnson ekri sou kont Twitter li: "Mwen kontan wè yon gwo zanmi peyi nou an". Prezidan Ikrenyen an, Vladimir Zelenskyy, ekri sou Telegram. "Se trè byen pou nou wè w ankò nan Kyev."

Boris Johnson te deja ale Kyèv 9 avril pase a e li tounen premye lidè yon peyi manm G-7 la ki vizite Ikrèn. Lond te bay Kyèv sipò militè.

Dapre yon deklarasyon ki sòti nan biwo Misye Johnson la, Premye Minis britanik la "ofri pou lanse yon gwo pwogram fòmasyon pou fòs militè Ikrenyen yo, ki ta ka antrene jiska 10 mil sòlda chak 120 jou."

Mesye Johnson site nan nòt pou laprès kote li di: "Objekif vizit mwen jodi a nan mitan lagè se voye yon mesaj klè e senp bay Ikrenyen yo: Wayòm Ini avèk nou, epi nou pral kontinye rete bò kote nou jiska laviktwa."

Boris Johnson rive Kyèv yon jou apre plizyè lidè ewopeyen te vizite vil la, pami yo te genyen dirijan fransè, alman, italyen ak woumen. Yo te di yo an favè lide pou Ikrèn jwenn estati kandida pou manm Inyon Ewòp la, jan Komisyon Ewopeyen an deklare sa nan menm jounen vandredi a.

XS
SM
MD
LG