Accessibility links

Breaking News

Ameriken ki Disparèt nan Ikrèn: Biden di Li "Byen Enfòme" sou Sitiyasyon an


Biden
Biden

Prezidan Joe Biden di Vandredi li byen enfòme sou sitiyasyon kote 2 sitwayen Ameriken disparèt nan Ikrèn pandan yo tal ede Ikrén goumen nan lagé a.

2 Ameriken yo se 2 veteran nan lame Amerikèn nan. Biden mande tou pou okenn lòt sitwayen Ameriken pa ale nan Ikrèn akòz lagé a.

Nan yon konferans pou laprès jounalis yo te mande prezidan an eske 2 volontè Ameriken ki te al goumen ansanm ak fòs Ikrenyen eske se fòs Rsi yo ki kaptire yo, prezidan an te reponn "li enfòme sou sitiyasyon an ". Li prezise ke li pa konnen ki kote 2 mesye yo ye, e "Ameriken pa ta dwe ale nan Ikrèn."

XS
SM
MD
LG