Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidant Harris pral Lanse yon Komisyon Espesyal kont Nuizans ak Abi Seksyèl


United States Vice President Kamala Harris speaks at a meeting on abortion rights and Roe v. Wade on June 14, 2022, in her office in the Eisenhower Building on the White House complex in Washington. (AP Photo/Jacquelyn Martin)
United States Vice President Kamala Harris speaks at a meeting on abortion rights and Roe v. Wade on June 14, 2022, in her office in the Eisenhower Building on the White House complex in Washington. (AP Photo/Jacquelyn Martin)

WASHINGTON - Vis Prezidant’ amerikèn nan, Kamala Harris, pral lanse yon nouvo komisyon espesyal avèk misyon pou konbat nuizans ak abi seksyèl sou Entènèt la, dapre yon otorite wo-plase nan administrasyon Biden nan. Menmsi se pa yon pwoblem nouvo, nuizans ak abi seksyèl tounen yon ijans tou nèf apre masak ki te fèt nan Tekzas ak New York, kote atakan yo se neg ki te jwenn enspirasyon yo nan santiman kont medam yo ak santiman rasis k ap sikile sou medya sosyal yo.

Konsèy Sekirite Nasyonal la ap travay sou inisyativ la avèk Konsèy sou Politk konsènan Janr Lamezonblanch, tandiske minis jistis la, Merrick Garland, ak Direktè Jeneral Sante Piblik la, Vivek Murthy, te genyen pou yo asiste jedi premye reyinyon sou dosye a. Rankont sa a te gen ladan l tou Sloane Stephens, yon jwè tennis nwa-ameriken ki te viktim yon gwo kantite zak rasis apre li te pèdi kèk match.

Misyon komisyon espesyal sa a se devlope, pandan 180 pwochen jou yo, rekòmandasyon pou pwochen etap gouvènman federal la ap genyen pou l franchi dekwa pou l konbat pwoblèm nan, dapre kèk otorite wo-plase nan administrasyon an ki te ensiste pou non yo pa site pandan yo t ap pale ak laprès anvan lansman pwogram nan.

XS
SM
MD
LG