Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Arizona Teste Pozitiv pou COVID-19, Li Papral sou Frontyè a ak Pence


Foto Achiv: Gouvene eta Arizona Doug Ducey.
Foto Achiv: Gouvene eta Arizona Doug Ducey.

Gouvènè eta Arizona a, Doug Ducey teste pozitiv pou COVID-19 kidonk li pap asiste yon evenman politik ki te planifye pou Lendi ak ansyen Vis Prezidan Etazini Mike Pence, dapre pot pawol li.

Ducey pa gen okenn sentom e li santi'l byen, pot pawol li, C.J. Karamargin deklare.

Repibliken yo te planifye pou y'al vizite frontyè a Lendi maten, epi apre sa Pence gen entansyon bay yon diskou sou kestyon sekirite frontyè a nan vil Phoenix.

Tou le 2 mesye yo ap travay pou anplifye mesaj pati Repibliken an sou kestyon frontyè a ke yo konsidere tankou yon kestyon politik enpotan. Ducey se ko-dirijan Asosyasyon Gouvènè Repibliken yo.

Kèk moun konsidere Pence tankou yon posib kandida a la prezidans an 2024.

XS
SM
MD
LG