Accessibility links

Breaking News

'Sondaj Zetwal' Ewopeyen an Debouche sou Revelasyon Trezò Selès


Yon priz vi syel la ke Ajans Spasyal Ewopeyen an pibliye, Lendi 13 Jyen, 2022.
Yon priz vi syel la ke Ajans Spasyal Ewopeyen an pibliye, Lendi 13 Jyen, 2022.

Ajans Spasyal Ewopeyen an pibliye yon pakèt done sou prèske 2 milya zetwal nan Vwa Lakte a.

Se misyon Gaia ajans la ki koleksyone done sa yo nan tantativ lap fè pou'l kreye fèt de wout pi presi ak konplè galaksi nou an.

Astwonòm yo espere sèvi ak done yo pou konprann pi byen kijan zetwal yo pran nesans ak mouri, ak kijan Vwa Lakte a te evolye pandan plizyè milya ane.

Nan nouvo done yo nou jwenn enfòmasyon sou laj, dimansyon tanperati ak konpozisyon chimik zetwal yo.

Savan yo ka sèvi ak enfòmasyon sa a pa egzanp, pou detèmine ki zetwal ki te pran nesans nan yon lòt galaksi epi migre nan Vwa Lakte a.

Misyon an deja sèvi kòm baz pou plis pase 1,600 piblikasyon syantifik nan yon lane.

XS
SM
MD
LG