Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an Fè yon Rale sou Ovni, Men pa Gen Okenn Siy Ekstraterès


Direkte Adjwen Entelijans Fos Naval Etazini, Scott Bray montre yon videyo pandan yon odisyon Komite La Chanm de Reprezantan kap travay sou Entelijans, Kont-Entelijans ak Kont-pwoliferasyon, Madi 17 Me 2022.
Direkte Adjwen Entelijans Fos Naval Etazini, Scott Bray montre yon videyo pandan yon odisyon Komite La Chanm de Reprezantan kap travay sou Entelijans, Kont-Entelijans ak Kont-pwoliferasyon, Madi 17 Me 2022.

Kongrè Etazini fè premye odisyon li nan yon demi syèk 17 Me sou Objè Volan Non-Idantifye (OVNI).

Sepandan, gouvènman an poko konfime ke vreman-vre ektraterès yo egziste.

Responsab Pantagon yo pa devwale okenn enfòmasyon siplemantè pa rapò ak ankèt lap mennen sou dè santèn aparisyon objè nan syèl la ki pa gen okenn esplikasyon. Sepandan yo di yo chwazi yon direktè pou yon nouvo inite ki va koleksyone done sou sa gouvènman an dekri ofisyèlman tankou "fenomèn ayeryen non-idantifye".

Palmantè Demokrat kou Repibliken di OVNI yo reprezante yon kè sote pa rapò ak sekirite nasyonal peyi a.

Yon responsab depatman defans la di Pantagon nan tap eseye wetire stigmatizasyon kestyon an epi ankouraje pilot yo ak lòt pèsonèl militè rapòte nempòt ki bagay dwòl yo ta konstate oubyen wè ap vole nan syèl la.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG