Accessibility links

Breaking News

La NASA Lanse yon Etid sou OVNI


Logo la NASA (Ajans Spasyal Etazini an) sou Sant Spasyal Kennedy a nan Cape Canaveral, Florid, Mekredi 20 Me 2020.
Logo la NASA (Ajans Spasyal Etazini an) sou Sant Spasyal Kennedy a nan Cape Canaveral, Florid, Mekredi 20 Me 2020.

La NASA lanse yon etid sou OVNI nan kad yon nouvo jefo ki gen pou wè ak syans ki gen gwo enpak ak gwo risk.

Ajans spasyal la anonse Jedi, ke li tabli yon ekip endepandan pou gade konbyen enfomasyon piblik ki disponib sou kestyon an e konbyen enfomasyon siplemantè yo bezwen.

Ekspè yo pral konsidere tou, meyè fason pou sèvi ak tout enfomasyon sa a nan lavni.

La NASA kwè se yon premye pa nan jefo pou esplike fenomèn misterye moun konn di yo wè nan syèl la ke yo rele ann Angle UAP (fenomèn ayeryen non-idantifye).

Etid la pral dire 9 mwa. Li pral konplètman ouvè, transparan, e li pap gen ladann okenn done militè sekrè.

XS
SM
MD
LG