Accessibility links

Breaking News

Siklòn Agatha Touye 11 Moun, 20 Lòt Disparèt nan Pati Sid Meksik


Daniel Brown, a goch, yon ekspe sou ouragan ak Lisa Bucci ki se yon ekspe sou ouragan tou, trake ouragan Agatha, 1 Jyen, 2022.
Daniel Brown, a goch, yon ekspe sou ouragan ak Lisa Bucci ki se yon ekspe sou ouragan tou, trake ouragan Agatha, 1 Jyen, 2022.

SAN ISIDRO DEL PALMAR, Meksik - Siklòn Agata koze inondasyon ak glismanteren ki touye omwen 11 moun tandiske 20 lòt disparèt nan Meksik, dapre Alejandro Murat, gouvènè Eta Oaxaca nan pati sid peyi a. Dapre Murat, dlo anpil rivyè monte depase riv yo epi yo bwote moun ki te nan kay yo, tandiske lòt viktim antere anba labou ak gravwa.

Gouvènè a, ki t ap pale ak près lokal la, ajoute:

“Gen 2 rezon fondamantal pou lanmò yo: Gen dlo rivyè ki depase riv yo, epi, yon lot kote -e rezon sa a pi grav- genyen glismanteren.”

Gouvènè Murat kontinye pou l di majorite mò yo sanble konsantre nan kèk ti vilaj nan montay yo, sou yon ti distans ak kòt la. Sepandan, daprè li, gen nouvèl ki fè konnen 3 timoun disparèt tou pre sit touristik Huatulco.
Agata antre nan listwa kòm pi gwo move tan ki fòme nan mwa me a pandan sezon siklonik rejyon pasifik la. Li te touche tè kòm yon siklòn kategori 2 avèk van ki t ap soufle ak yon fòs 178 kilomèt alè; men li te pèdi fòs byen vit pandan li t ap deplase sou montay yo.

XS
SM
MD
LG