Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Lanse Yon Nouvo Ofansiv pou Reprann Vil Kherson


FILE - This Planet Labs satellite image taken on March 15, 2022, shows Kherson air base on fire after an alleged airstrike against Russian forces occupying the base.
FILE - This Planet Labs satellite image taken on March 15, 2022, shows Kherson air base on fire after an alleged airstrike against Russian forces occupying the base.

Ikrèn moute yon nouvo ofansiv dimanch pou chache repran tè nan alantou vil Kherson ki gen yon pò nan sid peyi a.

Fòs ris yo bonbade kèk pozisyon nan lès Ikrèn nan yon efò pou yo pran Sievierodonetsk, dènye vil ke fòs Ikrèn yo okipe nan rejyon Luhansk.

Kherson sèvi kòm yon baz lansman pou fos ris yo nan sid Ikrèn, se premye gran vil ki te tonbe anba men fòs Moskou yo lè yo te pran direksyon nò, etan nan preskil Krime, sa gen plis pase 3 mwa.

Men dimanch, lame Ikrèn nan di sou Twitter, "Kenbe la Kherson, n ap vini."

XS
SM
MD
LG