Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Di Sèl Negosyasyon ki Posib, Se Negosyasyon Dirèk avèk Putin


Collage Putin and Zelenskyy on WW2 anniversary
Collage Putin and Zelenskyy on WW2 anniversary

Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, fè konnen mèkredi li pare pou l fè negosyasyon avèk Larisi, men a kondisyon pou se negosyasyon dirèk avèk Prezidan Ris la, Vladimir Putin. Pandan Zelenskyy t ap pale pa video konferans avèk delege ki nan Fowòm Ekonomik Mondyal la, li deklare gen posiblite pou yo jwenn yon mwayen diplomatik pou mete fen nan konfli a si Putin “konprann reyalite a.”

Lidè ikrenyen an ajoute premye pa nan direksyon lapè ak Larisi se pou sòlda ris yo retounen pa lòt bò fwontyè ki te an plas anvan Larisi te lanse envazyon li a nan fen mwa fevriye a. Depi kèk semèn deja, pa gen okenn siyn ki ta montre efò k ap fèt pou jwenn yon solisyon negosye pou konfli a; olye de sa, chak pati ap akize lòt la deske li pa enterese nan negosyasyon.

Zelenskyy sèvi ak yon pati nan mesaj li a pou l prezante kondoleyans li bay manm fanmi moun ki mouri madi nan yon fiziyad ki dewoule nan yon lekòl primè Ozetazini. Li di:

“Dapre sa m aprann, gen 21 moun ki mouri –pami yo 19 timoun. Se terib pou moun mouri viktim anba koutzam nan yon peyi ki nan lapè.”

XS
SM
MD
LG