Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Gouvènè Severodonetsk Ris yo ap Pwoche yon Sitiyasyon "Trè Difisil"


Serguii Gaïdaï ki se Gouvènè rejyon an te anonse Mèkredi, ke batay fòs ris yo te rive toupre katye Severodonetsk yo.

Severodonetsk se yon vil ki sitiye nan lès peyi Ikrèn.

Gouvènè a deklare ke sitiyasyon an "difisil anpil" pandan ke sòlda ris yo ap apwoche.

Sou Telegram Serguii Gaïdaï te di , "Twoup Ris yo te tèlman pre ke yo ka tire mòtye" sou Severodonetsk, e li te ajoute ke vil la "pratikman detwi".

XS
SM
MD
LG