Plas Sen Pierre te chaje ak moun ki te reyini pou tande odyans jeneral Pap Franswa ofri chak semèn e foul la aplodi yon apèl li lanse yon jou apre fiziyad pi grav ki fèt nan yon lekòl Ozetazini depi plis pase yon dizèn lane.
"Kè m kase lè m tande masak ki fèt nan lekòl primè a nan Texas. M ap priye pou timoun ak granmoun ki pèdi lavi yo e pou fanmi yo." Pawòl Pap Franswa sou tire ki fèt nan vil Uvalde, nan Eta Texas. Souvren Pontif la ajoute:
"Li lè pou nou di ase pou trafik zam k ap fèt san gade dèyè. An nou tout pran angajman pou trajedi konsa pa rive ankò."
Kèk èdtan apre tire a, Prezidan Joe Biden te pale nan Mezon Blanch kote li ekzòte Ameriken leve kanpe kont sektè demachè zam yo ki gen anpil pouvwa politik e ke li akize deske yo anpeche administrasyon an aplike lwa ki pi sevè sou zam ki nan men sitwayen yo.