Accessibility links

Breaking News

Pap Francois Vle Ale Moskou pou Pale ak Putin


Pope Francis speaks during Regina Caeli prayer, in Saint Peter's Square at the Vatican, May 1, 2022. (Vatican Media/­Handout via Reuters)
Pope Francis speaks during Regina Caeli prayer, in Saint Peter's Square at the Vatican, May 1, 2022. (Vatican Media/­Handout via Reuters)

Pap François te di ke li te vle vwayaje ale nan Moskou pou rankontre Prezidan Ris la Vladimir Putin epi eseye fè'l sispann batay la nan Ikrèn, dapre yon entèvyou jounal Italyen Il Corriere Della Sera te pibliye madi.

Pap Ajantin an te deklare ke li te rele nan "telefon" Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy "nan kòmansman lagè a".

"Apre 20 jou lagè, mwen te mande Kadinal (Pietro) Parolin", nimewo 2 nan Vatikan an, "pou voye yon mesaj bay Putin ke mwen pare pou ale Moskou". Li deklare ke li te "poko resevwa yon repons".

Li te eskli si li ale nan Kyiv pou moman sa a.

XS
SM
MD
LG