Mwayen Oryan
- Serge Michel
Plizyè Gwoup Endepandan Lanse Ankèt Sou Lanmò Jounalis Shireen Abu Akleh

Pandan Israel ak Palestinyen yo ap diskite sou asasinay jounalis Al Jazeera, Shireen Abu Akleh, plizyè gwoup endepandan lanse pwòp ankèt pa yo. Yon ekip ki ap sèvi ak sous tou-louvri pou rechèch li di, dapre premye rezilta li jwenn yo, li ta plis kwè temwen palestinyen yo ki di se israelyen ki tire jounalis la.
Rezilta ankèt sa yo ka ede fòme opinyon entènasyonal sou kesyon pou konnen kilès ki responsab pou lanmò Abu Akleh, sitou si yon ankèt ofisyèl lame Israelyen ap trennen.
Abu Akleh, yon dam Palestinyen-Ameriken ki se yon veteran 25 lane nan televizyon ki fonksyone sou satelit la, pèdi lavi li, mèkredi semèn pase pandan li t ap kouvri yon desant dè lye Israel nan kan refijye Jenin nan Sisjòdani okipe. Sete yon gwo non nan mond arab la pou jan li te konn dokimante nan ki tray pèp palestinyen an ap viv anba okipasyon Israel depi 6 dizèn lane.
See all News Updates of the Day
Yon Dronn ke Iran Fabrike, Dapre sa Otorite Ameriken yo Sispèk, Touye Travayè Ameriken nan Siri

WASHINGTON (AP) — Pentagòn fè konnen yon atak ak dronn ke Iran fabrike, dapre sa otorite ameriken sispèk, touye, jedi, yon kontraktè ameriken e blese 5 militè Ameriken ak tou yon lòt kontraktè nan nòdès Siri.
Fòs Ameriken yo di ke yo tire revanj tousuit apre yo te lanse yon "frap aeryen ak presizyon" nan peyi Siri ki te vize yon gwoup ki afilye ak Gad Revolisyonè Iran an, ak yon gwoup aktivis.
Atak sa yo kapab ogmante tansyon nan rejyon Mwayenn Oryan an. Iran ak Siri pa di touswit ke yo okouran atak yo.
Sepandan, yon gwoup aktivis di atak ayeryen ameriken yo touye 11 konbatan ke Iran appiye nan Siri tousuit apre atak dronn nan.
- Ekip Sèvis Kreyòl VOA
VOA Kreyol sou Plas an Irak pou 20 Anivèsè Envazyon Fòs Koalisyon an Irak
20 mas 2003 –20mas 2023 sa fè 20 tan depi yon fòs koalisyon anvayi peyi Irak e dechouke lidè irakyen an Saddam Hussein. Nou gen sou plas nan vil Baghdad, Philip Crowther.
- Jean Robert Phillipe
Etazini Komemore Anivèsè Envazyon Irak la
20 Mas 2023 make 20yèm anivèsè envazyon Etazini nan Irak. Poukisa Etazini te anvayi peyi sa a, e kisak te rezilta a? Jean Robert Philippe gen detay.
20 An Apre Envazyon Ameriken an, Jèn Irakyen yo Wè Siy Espwa

Iraq jodia pa sanble ditou ditou peyi ke Etazini te anvayi sa gen 20 an sa, pou wetire Saddam Hussein sou pouvwa a.
Yon nouvo jenerasyon paka tann pou ekate li ak tradisyon divizyonis pase a epi geri divizyon ki egziste yo.
Nan plizyè douzèn entèvyou Associated Press fè mwa sa a nan vil Baghadad pou rive Fallujah, jèn Irakyen yo deplore enstabilite ki te suiv dechoukay Saddam nan ak okipasyon an.
Men pi fò nan yo di lagè a nan le pase e yo gen espwa dèske libète ak opòtinite yo genyen kounyea pral ede yo fè rèv yo tounen reyalite.
Yon Gwo Zotobre Iranyen Vizite Peyi Emira Arab Ini yo

Prezidan Emira Arab Ini, Sheikh Mohammed bin Zayed, resevwa jedi Ali Shamkhani ki se Sekretè Konsèy Siprèm Sekirite Nasyonal peyi Iran. Vizit sa fèt pou make rapwòchman diplomatik ki fèt ant peyi Iran ak Arabi Saoudit.
Dapre ajans ofisyèl Emirati WAM, 2 mesye yo te pale sou « relasyon ant 2 peyi yo ak fason yo kapab kolabore nan plizyè domèn diferan».
Otorite wo-plase Iran an te rankontre tou ak konseye sekirite nasyonal Emira yo, Sheikh Tahnoun bin Zayed.
Nan rankont li ak prezidan Emira yo, Ali Shamkhani te afime ke 2 peyi yo ka "fè gran pa nan devlopman koperasyon antre yo e nan diplomasi” ki konsène rejyon an.
Gwo zotobre Iranyen an te negosye nan Peken semèn pase a akò ki pèmèt Iran retabli relasyon diplomatik ak Arabi Saoudit, apre 7 lane kote relasyon yo te kraze.
Riyad ak Teheran te fè yon kite sa nan relasyon diplomatik an 2016 apre manifestan nan Iran te atake misyon diplomatik Arabi Saoudit apre yo te ekzekite yon relijye chiyit nan Arabi Saoudit.
Facebook Forum