Accessibility links

Breaking News

Biden Pran Lapenn pou Yon Milyon Moun KOVID-19 Touye Ozetazini

FILE - President Joe Biden speaks about inflation in the South Court Auditorium on the White House complex in Washington, May 10, 2022. Biden is hosting leaders from the Association of Southeast Asian Nations in Washington on Thursday, May 12. (AP Photo/M

Nan moman kote kantite moun maladi KOVID-19 la touye Ozetazini preske rive nan chif yon milyon, Prezidan Joe Biden fè konnen moun ki mouri yo kite dèyè “yon fanmi, yon kominote ak yon peyi ki chanje pou tout tan akoz pandemi an.”

Lidè ameriken an, ki pibliye yon deklarasyon jedi maten, di Kongrè a dwe kontinye otorize depans pou test, vaksen ak tretman, e peyi a fèt pou l rete vijilan. Li ajoute:

“Moun sa yo ki nan lapenn e k ap mande tèt yo kijan yo pral kontinye viv san misye, ou kisa yo pral fe san manmzel, mwen konprann nou. Mwen konnen soufrans yon absans pwovoke nan kè yon moun. Se yon soufrans ki pa janm fini. Men, mwen konnen tou si ou renmen yon moun, moun sa a pa janm ale kite w. L ap toujou avèk ou.”

Lèzetazini anrejistre yon kantite rekò 82 milyon ka enfeksyon KOVID, daprè CDC (Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi). Li anrejistre tou 999 mil ka lanmò, daprè done ki sòti nan Inivèsite John Hopkins.

XS
SM
MD
LG