Accessibility links

Breaking News

Pou Konbat Enflasyon Ozetazini, Biden ap Anvizaje Posibilite pou L Leve Tarif Dwanye yo Sou Pwodui Chinwa yo


USA-BIDEN/
USA-BIDEN/

Pandan Prezidan Joe Biden t ap rankontre ak laprès, li deklare ke administrasyon li a ap etidye posiblite pou li leve tarif dwanye ke predesesè l la, Donald Trump, te enpoze sou pwodwi chinwa yo, yon aksyon ki kapab bese enflasyon an Ozetazini.

Prezidan an, ki pa presize si otorite ameriken yo gen plan pou yo bese oswa elimine taks sa yo nèt, ajoute:

"N ap etidye kesyon an aktyelman…" "N ap fè deba sou li, men nou poko pran okenn desizyon."

XS
SM
MD
LG