Accessibility links

Breaking News

Finland:Sauli Niinisto ak premye-minis Sanna Marin fè konnen yo dakò pou yo antre nan l-OTAN


Finland NATO
Finland NATO

Prezidan peyi Finland, Sauli Niinisto ak premye-minis Sanna Marin fè konnen jodi jedi a yo dakò pou yo antre nan l-OTAN, sa ki ta dènye etap nan yon gwo chanjman nan politik peyi a kòm repons pou envazyon LaRisi nan Ikrèn.

“Si Finland vin manm L-OTAN, sa ap ranfòse sekirite l. Kòm manm l-OTAN, Finland ta ranfòse tout sistèm defans alyans la, » se sa yo di nan yon kominike.

Deklarasyon an ajoute, “Finland dwe aplike pou l vin manm l-OTAN san pran tan.

Nou espere ke kèk pa ki rete pou nasyon an rive nan desizyon sa a ap pran sèlman kèk jou.” Se deklarasyon 2 dirijan Finland yo.

Otorite nan Swèd ka konsidere pwòp aplikasyon pa yo pou antre nan l-OTAN nan jou k-ap vini yo.

XS
SM
MD
LG