Accessibility links

Breaking News

Kyèv Koupe yon Manman Tiyo Gaz Natirèl


Russia Ukraine Gas
Russia Ukraine Gas

Batay pou Ikrèn nan ale pi lwen pase chann-batay yo mèkredi, kote Kyèv koupe yon manman tiyo gaz natirèl ki pote gaz pou kay ak endistri ann Ewòp, pandan yon otorite ke Moskou enstale nan sid Ikrèn fè konnen Kremlen an ta dwe antre Kherson nan LaRisi apre twoup yo fin pran kontwòl li.

Operatè tiyo gaz natirèl la nan Ikrèn fè konnen li t ap bloke ekspedisyon gaz ris yo nan yon pwen santral ki anba kontwòl separatis ke Moskou apiye yo, paske kèk fòs lènmi sanble ap rale gaz ladann.

Apeprè yon tyè nan gaz ki sou wout pou ale nan lwès Ewòp la pase pa Ikrèn, malgre yon analis fè konnen Ikrèn ki koupe tiyo a sa ap gen sèlman yon efè limite touswit paske anpil nan gaz sa a ka pase nan yon lòt tiyo. Jeyan konpayi leta nan LaRisi, Gazprom fè konnen gaz ki pwale ann Ewòp an pasan pa Ikrèn gen yon rediksyon 25 pousan konpare ak jou anvan an.

XS
SM
MD
LG