Accessibility links

Breaking News

Wa Jodani an, Wa Abdala, Pral Rankontre ak Biden sou Dosye Lape, Vyolans nan Jerizalèm


President Joe Biden, right, meets with Jordan's King Abdullah II, left, in the Oval Office of the White House in Washington, Monday, July 19, 2021. (AP Photo/Susan Walsh)
President Joe Biden, right, meets with Jordan's King Abdullah II, left, in the Oval Office of the White House in Washington, Monday, July 19, 2021. (AP Photo/Susan Walsh)

Lidè Jòdani an, Wa Abdala, gen pou l rankontre ak Prezidan Joe Biden nan Washington vandredi nan moman tansyon ap monte ant Jòdani ak Izrayèl sou jesyon pati arab la nan Jerusalem la ak lye sen kretyen yo.

Malgre Jòdani se gadyen sit sa yo, selon yon trete lapè li te siyen nan lane 1994 avèk Eta Jwif, Premye minis izrayelyen an, Naftali Bennett, te anonse sa pa gen lontan li pa p aksepte okenn patisipasyon etranje nan jesyon Mosque Al-Aqsa ki nan Jerizalèm.

Minis afè etranjè jòdanyeni an, Ayman Safadi, k ap akonpaye Wa Abdala nan vizit li Ozetazini, di rankont Sa Majeste avèk Prezidan Biden nan enpòtan pou deba k ap fèt sou kesyon rejyonal yo.

Nan somè vandredi a, 2 lidè yo pral abòde tou ogmantasyon atak teworis yo nan Izrayèl depi kèk jou deja, atak ki santre sou Jerizalèm ak lye sen yo nan Si-Jòdani.

Rankont Biden-Abdala pral dewoule apepre 6 semen apre wa a te fè kèk chita-tande nan Amman avèk Prezidan Izrayelyen an, Isaac Herzog, sou kesyon rejyonal yo. Se premye vizit ofisyèl yon chef deta Izrayelyen nan Jòdani.

XS
SM
MD
LG