Accessibility links

Breaking News

Vladimir Putin, Prezante Eskiz Bay Premye-minis Israel Naftali Bennett


Putin Apologized Israel - VOA Thai FB Thumbnail
Putin Apologized Israel - VOA Thai FB Thumbnail

Prezidan ris Vladimir Putin, dapre nouvèl yo, prezante eskiz bay Premye-minis Israel Naftali Bennett pou kòmantè Minis Afè Etranjè ris Sergei Lavrov te fè ki pa antre nan santiman Jwif.

Lavrov te di, dapre nouvèl-yo, "moun ki plis pa vle wè Jwif se Jwif yo menn" e ke Hitler te gen orijin jwif, pami lòt moun ki gen repitasyon depi lontan pou rayisman kont Jwif: otorite ris la t ap pale konsa nan entèvyou ak yon jounalis televizyon italyen.

"Premye-minis la aksepte ekskiz Prezidan Putin pou remak Lavrov yo e di li mèsi daprezavwa li klarifye pozisyon minis la sou pèp jwif la e sou souvni Olokòs la," se pawòl ki soti nan biwo Bennett la.

Yon nòt ki soti nan Kremlen an pa pale de ekskiz la men li di, "Prezidan LaRisi-a raple ke pami 6 milyon Jwif ki te sibi maspinay nan ghetto ak nan kan konsantrasyon, ke Nazi yo te touye, 40 pousan sete sitwayen Inyon Sovyetik, e Kremlen an voye senpati bay ansyen konbatan k ap viv

nan Israel. Naftali Bennett, asontou, te pale de kokenn kontribisyon Lame Wouj nan viktwa sou rejim Nazi a.

XS
SM
MD
LG