Accessibility links

Breaking News

Larisi lanse Plis Atak sou Izin Asye Mariupol la


A view shows a plant of Azovstal Iron and Steel Works in Mariupol
A view shows a plant of Azovstal Iron and Steel Works in Mariupol

Larisi rekòmanse bonbade vil Mariupol ke sòlda l yo antoure nan pati sid Ikrèn e kote 200 sivil rete bloke nan izin asye Azovstal la, menm nan moman Nasyon Zini di 101 moun rive pati kite anplasman an an tout sekirite.

Ajans nouvèl ris RIA fè konnen ministè defans peyi a di fòs militè l yo t ap detrui pozisyon kote sòlda ikrenyen yo te kanpe pou yo tire, aprè solda sa yo te pwofite yon seselfe lONU te patwone pou yo te byen repozisyone yo alòske evakyasyon yon gwoup sivil t ap dewoule pandan denyè jou yo.

Daprè sa yon otorite lapolis di radyo-televizyon piblik Suspine, fòs militè ris yo kòmanse eseye mete men sou izin nan ki gen yon sistèm tinèl ak fòtrès an fòm labirent; se dènye pozisyon sòlda ikrenyen yo kenbe nan Mariupol. Yon vis-kòmandan rejiman Azov la ki bloke nan izin nan fè konnen avyasyon militè Larisi a te bonbade enstalasyon an pandan nannuit la.

XS
SM
MD
LG