Accessibility links

Breaking News

Fòs Ris yo Toujou Kenbe Fokis yo Sou Kharkiv


Fòs militè Larisi yo toujou kenbe presyon yo sou rejyon ès ak sid Ikrèn, patikilyèman vil ki ozalantou Kharkiv. Ris yo ap eseye tout fason pou yo pran kontwòl rejyon sa.

Vandredi nan aswè pou rive Samdi te gen anpil eksplozyon nan Kharkiv, ki se dezyèm pi gwo vil nan peyi a. Volodymyr Zelenskyy rekonèt ke sitiyasyon an nan rejyon malouk e "difisil", li deklare tou ke " militè Ikrenyen an ap gen siksè ak diferan taktik yap eseye itilize".

Nan rejyon Donetsk ak Lugansk, fòs Ris te lanse 14 atak, e otirite Ikrenyen yo di ke yo te repouse atak yo.

XS
SM
MD
LG