Accessibility links

Breaking News

Apèl Sòti l ONU pou Mande Jijman Responsab Zak Vyolans nan Ikrèn


UN Secretary-General Guterres and Ukraine's President Zelenskiy attend a joint news conference, in Kyiv
UN Secretary-General Guterres and Ukraine's President Zelenskiy attend a joint news conference, in Kyiv

Vis-minis afè etranjè Ikren nan, Emine Dzhaporova, fè konnen lis krim de gè twoup militè Larisi yo komèt nan peyi li ap ogmante chak jou e li enpòtan pou koupab yo rann kont.

Madam Dzhaparova, ki t ap patisipe nan yon rankont non-ofisyel e pa video konferans avèk Konsèy Sekirite l’ONU an, deklare:

“Vil Mariupol tounen debri. Plizyè milye sivil ap viv nan abri enpwovize san dlo, san elektrisite, san kominikasyon ni pwodui premye nesesite tout moun bezwen.”

Daprè li, se chak jou moun ap jwenn nan vil yo nan Ikrèn nouvo fòs komin ak kadav ki antere pa si, pa la; e sòlda ris yo komèt asasina sou popilasyon sivil la ki sibi zak vyolans tankou zak kraze zo, vyòl sou fanm ak asasina.

XS
SM
MD
LG