Accessibility links

Breaking News

Lame Ikrèn fè konnen Fòs Ris yo ap Konsantre Pou Pran Kontwòl Tout Rejyon Donetsk ak Luhansk


UKRAINE-CRISIS/BUCHA
UKRAINE-CRISIS/BUCHA

Lame Ikrèn nan fè konnen jodi madi a fòs ris yo ap konsantre sou efò pou yo pran kontwòl total rejyon Donetsk ak Luhansk, ki se zòn estratejik nan lès peyi a, ki ta pèmèt LaRisi konekte ak Preskil Krime ke li te sezi, sa gen 8 lane.

Deklarasyon Chef d'Eta Majo lame a, di tou ke "misil ak frap aeryen ris sou pozisyon sivil nan tout Ikrèn pa sispann," deklarasyon sa a vini yon jou apre LaRisi te lanse ofansiv ke moun t ap tann lontan nan lès Ikrèn apre li te kite zòn nan alantou Kyèv la.

LaRisi fè konnen jodi a madi a fòs li yo frape plis pase 1,200 pozisyon ak kout kanno pandan lanwit la, pami yo kèk douzèn nan lès Ikrèn.

Pòtpawòl Pantagòn nan John Kirby di jounalis yo lendi LaRisi ap deplase "pyès kanno, avyon, sipò pou elikòptè, sistèm kòmandman ak kontwòl" pou ede efò li nan Donbas.

XS
SM
MD
LG