Accessibility links

Breaking News

Yon Atak ak Misil Koze Lanmò nan vil Lviv, nan Ikrèn


Ukrainian servicemen and rescuers inspect the site of military strikes on buildings as Russia's attack on Ukraine continues, in Lviv, Ukraine, April 18, 2022.
Ukrainian servicemen and rescuers inspect the site of military strikes on buildings as Russia's attack on Ukraine continues, in Lviv, Ukraine, April 18, 2022.

Otorite yo nan pati lwès Ikrèn fè konnen yon atak ak misil frape vil Lviv lendi 18 mas la; li touye 7 moun pou pi piti, alòske jiskela vil la te evite pi move vyolans ki dewoule nan peyi a depi envazyon Larisi te kòmanse sa prèske gen 2 mwa.

Gouvènè rejyonal la, Maksym Kozystkiy, di 3 misil frape kèk enstalasyon militè tandiske yon lòt al kraze yon atelye reparasyon machin.

Lòt kote nan Ikrèn: Efò k ap fèt pou ede popilasyon sivil la pati kite zòn konfli a bloke pou yon 2èm jou afile. Vis Premye Minis Iryna Vershchuk poste sou medya sosyal yo deklarasyon sa a:

“An vyolasyon lwa imanitè entènasyonal, okipan ris yo pa sispann bloke ni bonbade wout imanitè yo.”

Dapre menm nouvèl la, kèk misil ris frape kapital Ikrèn nan, Kyèv, ak kèk lòt vil pandan wikenn nan. An menm tan Moskou fè konnen twoup militè li yo fin elimine tout obstak nan santrevil Mariupol kote se yon ti gwoup konbatan ikrenyen ki rete anndan yon izin asye nan yon vil ke lame ris la ansekre nèt.

XS
SM
MD
LG