Accessibility links

Breaking News

Yon Afilye Rejyonal Gwoup Eta Islamik la Deklare Se Li ki te Lanse yon Atak ak Wokèt sou Ouzbekistan


Afganistan, Kunduz, A view shows a mosque after a blast
Afganistan, Kunduz, A view shows a mosque after a blast

Yon afilye rejyonal gwoup Eta Islamik la deklare lendi se li ki te lanse yon atak ak wokèt sou Ouzbekistan etan lakay vwazen Afganistan, premye frap gwoup teworis-la kont nasyon Azi santral la.

Pwovens Eta Islamik Khorazan tire 10 wokèt sou yon baz militè Ouzbekistan nan bouk Termez ki sou fwontyè a, se sa gwoup la di nan yon deklarasyon ki parèt lendi, dapre Sit Entelijans, yon òganizasyon ki swiv pwopagann teworis.

Otorite nan Ouzbekistan pa di anyen touswit sou deklarasyon gwoup Eta Islamik Khorasan nan. Gwoup teworis la, dapre nouvèl yo, pibliye yon foto ak video ki moutre wokèt yo, kòm prèv pou atak yo.

Eta Islamik Khorazan ogmante atak nan Afganistan e nan alantou a apre kowalisyon etranje ke Etazini t ap dirije a ke kite peyi a nan mwa Daout ane pase apre 20 lane.

XS
SM
MD
LG