Accessibility links

Breaking News

Televizyon Ris la Pibliye Yon Videyo Ki Montre Sitwayen Britanik yo Kaptire Nan Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/MARIUPOL
UKRAINE-CRISIS/MARIUPOL

Televizyon leta Ris difize yon videyo Lendi sou 2 prizonye, ke ​​yo rive idantifye kòm sitwayen Britanik, Shaun Pinner ak Aiden Aslin, nan videyo a 2 sitwayen Britanik yo te di ke yo te kaptire yo pandan yo te ap goumen nan Ikrèn epi mande Premye Minis Boris Johnson pou negosye liberasyon yo.

2 mesye yo, ap mande pou yo fè yon echanj prizonye avek yo, yo mande Ikrén boukante yo pou Viktor Medvedchuk, ki se yon depite e yon biznisman Ikrenyen ki pwòch Prezidan Vladimir Putin ke yo te arete nan Ikrèn. Yo pa presize ki moun ki kenbe yo kounye a, yo pa presize si se fòs Ris yo oswa alye separatis yo nan Donetsk, ki sitiye nan lès peyi Ikrèn.

Kyev bò kote pa li menm te pibliye yon videyo biznisman ke yo te arete, e yo te mande pou boukante'l "pou moun yo kaptire nan nan Mariupol yo".

XS
SM
MD
LG