Accessibility links

Breaking News

Plizyè Moun Pèdi Lavi Yo Nan On Atak Sou yon Estasyon Tren Ikrenyen


Omwen 39 moun mouri nan atak misil sou yon estasyon tren nan Ikren. Pami moun ki mouri yo gen ladan 4 timoun. Stasyon an sitye nan Kramatorsk nan lès peyi Ikrèn, kote plizyè milye moun te evakye sa gen plizyè jou, dapre sa sèvis sekou yo deklare.

Jounalis AFP yo te wè omwen 30 kadav nan sak devan estasyon an. Yo te ilitize moun sa yo tankou barikad pou proteje yo.

Sou gazon an nan devan estasyon an, dega yo te toujou vizib.

Kondanasyon masak la

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy denonse "atak sila" ke li di ke Larisi te fé sou estasyon Kramatorsk.

Larisi te demanti deklarasyon Ikrèn nan e li akize fòs Ikrenyen yo deske yo anpeche sivil yo evakye - dapre Moskou - "pou yo kapab sèvi ak yo kòm boukliye.

XS
SM
MD
LG