Accessibility links

Breaking News

Kyèv Akize Ongri Dèske l ap Ede Putin


FILE - Hungary's Prime Minister Viktor Orban acknowledges cheering supporters during an election night rally in Budapest, Hungary, April 3, 2022.
FILE - Hungary's Prime Minister Viktor Orban acknowledges cheering supporters during an election night rally in Budapest, Hungary, April 3, 2022.

Kyèv akize Ongri Jedi, dèske l ap "ede Putin" nan lagè a, e ke l ap travay kont inite ke peyi Inyon Ewopeyèn yo geneyen vizavi Larisi kote yo tout ap eseye sere boulon li avek gaz l ap vann yo.

Pou reponn ak Sanksyon yo Larisi te deklare ke yon peyi ki vle achte gaz Ris la dwe itilize Woub ki se lajan peyi a.

Yon jou apre sa, Prezidan Viktor Orban te deklare ke li pare pou achte gaz Ris an woub, kontrèman ak lòt peyi nan Inyon Ewopeyèn yo.

Dapre Ikrèn, lè Ongri deside achte gaz Ris la an woub se apiye l ap apiye l nan jefo pou kontinye lagè a nan Ikrèn

Oleg Nikolenko ki se pòtpawòl Ministè Afè Etranjè a te deklare "Si Ongri reyèlman vle mete fen nan lagè a, sa li dwe fè: sispann detwi inite ki gen nan Inyon Ewopeyen an, ede sipòte nouvo sanksyon kont Larisi, ede Ikrèn militèman" "Epi pa kreye plis sous finansman pou machin militè Ris la".

XS
SM
MD
LG