Accessibility links

Breaking News

Gouvènman PM Izrayèl la Pèdi Majorite nan Palman an


Israeli Prime Minister Naftali Bennett speaks at a press conference on an Israeli Defense Force base in Beit El in the West Bank, April 5, 2022.
Israeli Prime Minister Naftali Bennett speaks at a press conference on an Israeli Defense Force base in Beit El in the West Bank, April 5, 2022.

Premye minis Izrayelyen Naftali Bennett dwe fè fas ak yon gwo test pou kowalisyon li ki sou pouvwa a apre yon palmantè nan pati nasyonalis la kite koalisyon-an, sa ki kite gouvenman an san yon majorite nan palman an, pandan pako gen yon lane depi kowalisyon an te fòme.

Depa Idit Silman ogmante seriezman posiblite pou yon nouvo eleksyon palmantè nan moman gouvenman an pako gen yon lane sou pouvwa a. Gouvenman Premye Minis Bennet la te gen yon sèl syèj ki te ba-l majorite, men kounye a li pral lite pou-l fonksyone.

Silman ki te sèvi kom kontwolè pou pati Benett la, pati Yamina a, nan kowalisyon an, anonse yè mekredi a ke li pap kontinye supòte gouvenman inite a e li lanse apèl pou mande fòmasyon yon gouvenman zèl dwat san eleksyon.

Silman te nan chire-pit sou baz ideoloji avek kèk manm pati zèl goch nan kowalisyon an, pandan li t-ap chache prezève idantite Jwif la nan nasyon an. Nan yon lèt li voye bay premye minis Bennett , li reprimande li poutèt li te eseye fòme yon gouvenman ki gen tandans nasyonalis, jwif e sionis.

XS
SM
MD
LG