Accessibility links

Breaking News

Naftali Bennet fè Prezidan Joe Biden Konpliman pou Atak Motèl li fè nan Siri a


ISRAEL-POLITICS-CABINET-BENNET
ISRAEL-POLITICS-CABINET-BENNET

Premye Minis Izrayelyen Naftali Bennet fè prezidan Joe Biden konpliman pou atak motèl ki te fèt semèn pase a nan Siri –Atak ki touye lidè gwoup eta islamik la daprè sa biwo premye minis la rapòte.

Nan yon kout telefòn yè dimanch la, Naftali Bennet di Biden ke “kounye a mond la gen plis sekirite gras a operasyon djanm sa a ke fòs ameriken yo te mennen," daprè biwo premye minis la.

Biwo a di Bennett ak Biden te pale tou sou aktivite militè Iran nan tout Mwayen Oryan an ak efò pou bloke pwogram nikleyè li a.

Izrayel avek Iran se 2 lenmi achane e Izrayel soulve enkyetid sou efò Etazuni ap dirije pou resisite akò nikleyè 2015 ant Iran ak pwisans mondyal yo.

Anvan sa yè dimanch la, Bennett te di Izrayel ap swiv ak anpil atansyon negosyasyon pwisans mondyal yo ak fè avek Iran nan vil Vienne nan peyi Otrich , men li repete pozisyonn ke okennn akò yo jwenn p-ap mare pye Izrayel. Izrayèl toujou menase pou-l atake Iran si li kwè ke sa nesesè pou bloke pwogram nikleyè peyi sa a. Iran di pwogram nikleyè li a la pou rezon pasifik selman.

Premye Minis Bennet di nan reyunyon kabinè li byen bonè dimanch 6 fevriye a Nenpot moun ki panse yon akò konsa pral ogmante stabilite --- twonpe yo. Izrayel rezève dwa-l pou-l aji apre kèlkeswa sa ki soti nan negosyasyon yo, avek ou san yon antant.

XS
SM
MD
LG