Accessibility links

Breaking News

Lajistis nan Burkina Faso Kondane Ex- Prezidan Blaise Compaoré a Vi Pou Asasina Thomas Sankara


Collages of Sankara and Compaore
Collages of Sankara and Compaore

Tribinal militè Ouagadougou a kondane a vi tou lè twa moun yo di ki se otè entelektyèl asasinay ansyen Prezidan Burkina a Faso Thomas Sankara an 1987. Pami akize yo nou jwenn ansyen chèf leta Blaise Compaore.

2 lòt moun ke tribinal la kondane a vi yo se kòmandan gad Sankara nan epòk la, Hyacinthe Kafando, ak Jeneral Gilbert Diendéré.

Jeneral Diendéré deja pase 20 ane prizon poutèt li te patisipe nan yon tantativ koudeta nan ane 2015.

2 nan akize yo pat prezan an pwosè a, se Mesye Compaoré, ki ap viv an egzil nan Côte d'Ivoire depi lè li te pèdi pouvwa a, e Hyacinthe Kafando, ki te kouri depi 2016.

3 mesye yo kondane pou "atak kont sekirite Leta". Blaise Compaoré ak Gilbert Diendéré koupab tou de "konplisite nan asasina Sankara" e Hyacinthe Kafando, yo sispèk se li ki te dirije kòmando ki te touye Thomas Sankara a.

Yo gen 15 jou pou fè apèl kont santans sa tribinal la bay la.

8 lòt akize ki te nan dosye a te jwenn kondanasyon ki sòti nan 3 a 20 ane pou yo al pase nan prizon, gen 3 moun yo te akize ki jwenn liberasyon yo.

Dapre sa jounalis AFP yo deklare Vèdik la te akeyi ak anpil aplodisman nan sal tribinal la.

Pwosè istorik sa a te kòmanse nan mwa Oktòb 2021, 34 ane apre lanmò Sankara, kote yo te asasinen pandan yon koudeta ke tribinal la di ki bay Blaise Compaoré pouvwa a.

Tout moun te sispek Compaoré nan assasinay ansyen kamarad li a ak zanmi li ki te vin sou pouvwa, men li toujou demanti akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG