Accessibility links

Breaking News

Burkina: 3 semèn apre yon koudeta Lyetnan-Kolonèl Damiba Prete Sèman kòm Prezidan


Paul Henri Damiba in Ouagadougou.
Paul Henri Damiba in Ouagadougou.

Lyetnan-Kolonèl Kanson fè Burkina Faso Paul Henry Sandaogo Damiba prete sèman kom prezidan mekredi 16 fevriye 2022 a , plis pase 3 semèn apre yon koudeta ki te jete chèf deta eli a Roch Marc Christian Kabore.

Nan yon seremoni ki te pase nan televizyon nasyonal la, Damiba sèmante devan pi gwo kò konstitusyonèl peyi a pou prezève, e fè respekte, kenbe e defann konstitusyon an, prensipal lwa yo nan nasyon an ak yon "lwa fondamantal" pou desizyon enpotan junt la apwouve.

Damiba te gen sou li yon inifòm kamouflaj militè ak yon berè wouj nan tèt li e li te mete yon bandoulyè ki fèt ak koulè drapo nasyonal Burkina.

Laprès, san oken reprezantan etranje, te asiste seremoni an ki te dewoule nan yon ti chanm nan biwo Konsèy Konstitusyonel la.

Nan da 24 janvye pase, Damiba ki gen 41 nan te pran tèt polisye ki pat kontan ak gouvènman an pou fòse Kabore kite pouvwa a apre publik la te fache pou fason li te jere yon rebelyon jihadis yo ki t-ap fè san koule nan peyi a.

Semèn pase, Konsèy konstitusyonel la te detèmine ofisyelman ke Damiba te prezidan chèf deta e komandan suprèm fòs ame yo.

Aksyon sa a konfime yon anons Junt la te fè nan dat 31 janvye kote li te di Damiba pwal kenbe pòs sa yo pou yon period tranzisyon e ke lap gen2 vis prezidan pou asiste li.

Burkina Faso se youn nan peyi ki pi pov nan mond lan e li se peyi ki pi enstab an’Afrik

XS
SM
MD
LG