Accessibility links

Breaking News

Burkina Faso: Lame a Konfime Li Pran Kontwòl Pouvwa a


Roch Kaboré recevant le rapport d’enquête sur le drame d’Inata, Ouagadougou le 06 décembre 2021 (VOA/Lamine Traoré)
Roch Kaboré recevant le rapport d’enquête sur le drame d’Inata, Ouagadougou le 06 décembre 2021 (VOA/Lamine Traoré)

Nan yon deklarasyon, sòlda rebèl yo di ke lame a te "deside asime responsablite li".

Nan yon deklarasyon televize, lame Burkina Faso a te deklare ke yo te pran kontwòl pouvwa a nan men Prezidan Roch Marc Christian Kaboré.

Yo denonse "enkapasite" Prezidan Kaboré genyen pou li rezoud kriz ensekirite ki ap travèse peyi a depi plizyè lane, sòlda yo di yo te sispann tou lwa Konstitisyon an, yo kraze gouvènman an ak Asanble Nasyonal la, epi fèmen fwontyè peyi a.

Deklarasyon an, ke Kolonèl Paul-Henri Sandaogo Damiba te siyen on lòt ofisye te li sou televizyon leta.

XS
SM
MD
LG