Accessibility links

Breaking News

Burkina: Sòlda Rebèl Arete Prezidan Kaboré nan Ouagadougou

Burkina Faso President Roch Marc Christian Kaboré addresses supporters during a celebration at the party’s headquarter in Ouagadougou, on November 26, 2020. - Burkina Faso's President Roch Marc Christian Kabore was re-elected by a landslide,…

Lendi Sòlda Rebèl yo arete Prezidan Burkina Faso a Roch Marc Christian Kaboré e yo te kenbe l nan yon kazèn nan Ouagadougou.

Yon sous sekirite nan kazèn Sangoulé Lamizana nan Ouagadougou di AFP "Prezidan Kaboré, chèf Palman an (Alassane Bala Sakandé) ak minis yo tout nan men sòlda yo".

Prezidan Kaboré sou pouvwa depi an 2015, li te re-eli an 2020 sou pwomès priyorite li se batay kont anti-jihadis yo, popilasyon te leve kont li akoz vyolans jihadis ki ap ogmante chak jou.

Yon jounalis AFP fè remake ke yon douzèn sòlda ak ame te devan katye jeneral la Radio Television Burkina (RTB) a.

Sòlda yo te pran kontwòl dimanch nan plizyè kazèn nan Burkina Faso pou yo te mande depa chèf lame yo ak zam pou yo goumen kont jihadis.

XS
SM
MD
LG