Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite LONU Fè Reyinyon sou Afè Sivil ki Pèdi Lavi yo nan Ikrèn


Imaj devastasyon an nan Ikren pandan yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzini an, Madi 5 Avril 2022.
Imaj devastasyon an nan Ikren pandan yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzini an, Madi 5 Avril 2022.

Konsèy Sekirite LONU an ap fè reyinyon jodia sou afè sivil ki pèdi lavi nan Ikrèn, yon jou apre Prezidan Etazini Joe Biden fin deklare lidè Ris Vladimir Putin ta dwe al nan jijman pou krim lagè.

Nan seyans jodia, Sekretè Jeneral LONU Antonio Guterres ak chef imanitè LONU Martin Griffiths ap di sa yo konnen, e pwal gen yon diskou Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy.

Minis Afè Etranjè Ikrèn Dmytro Kuleba fè konnen ayè lendi swa li te pale sou kesyon an ak Guterres, e an menm tan sou sityasyon an nan Bucha, yon banlye kapital Ikrèn nan kote twoup ris yo ta komèt swadizan zak atwosite nan jou pase yo.

Moskou demanti akizasyon pou sivil ki mouri yo nan Bucha, kote Minis Afè Etranjè ris Sergey Lavrov kalifye sèn kadav yo kòm yon "montaj pwovokasyon kont LaRisi."

Anbasadè LaRisi nan LONU an fè konnen l ap bay "bon jan prèv" sou montaj yo nan Konsèy Sekirite LONU an

XS
SM
MD
LG