Accessibility links

Breaking News

Yon akò istorik End siyen ak Ostrali


FILE - A staffer and visitor speak near a display of Australian wines at the China International Import Expo in Shanghai, Nov. 5, 2020. China raised import taxes on Australian wine, stepping up pressure on Australia over several disputes.
FILE - A staffer and visitor speak near a display of Australian wines at the China International Import Expo in Shanghai, Nov. 5, 2020. China raised import taxes on Australian wine, stepping up pressure on Australia over several disputes.

Anpil òm dafè ap bat bravo lakontantman pou Yon akò istorik End siyen ak Ostrali men endustri ki pa nan akò a ankouraje Camberra pou-l kontinye negosyasyon yo.

Akò pwovizwa ke yo te anonse samdi a vini apre plis pase yon dizèn lane negosiasyon e kèk analis di ke Ostrali paka tann pou-l diminye depandans li sou la Chin –pi gran patnè komesyal li apre tansyon diplomatic nan ane ki sot pase yo te pouse Peken enpoze sanksyon sou kèk machandiz ostralyen.

Chabon ostrali a, duven-li ak lot pwodui te tonbe anba divès restriksyon otorite chinwa yo te entwodwi. Mezantant sa a te soti an pati nan apèl Ostrali te lanse pou mande yon ankèt endepandan sou orijin Covid-19 la . Peken te enteprete ekzijans sa a kom yon kritik sou fason li jere virus la ke yo te premye detekte nan Wuhan nan peyi la Chin.

Akò avek peyi End la se yon efò Ostrali pou-l tabli relasyon komesyal ak plis peyi.

PRemye minis Ostrali a Scott Morrison di gouvenman ni an pa trayi Ukraine lè li siyen yon akò komèsyal avek End ki refize kondane envazyon Larusi a.

XS
SM
MD
LG