Accessibility links

Breaking News

Etazini Demanti li Jwe Okenn Wòl nan Efò pou Chavire PM Pakistanè Imran Khan


PAKISTAN-AFGHANISTAN-OIC-DIPLOMACY-AID-SUMMIT
PAKISTAN-AFGHANISTAN-OIC-DIPLOMACY-AID-SUMMIT

Premye Minis peyi Pakistan Imran Khan siviv yon efò ke opozisyon an te lanse pou wete l nan pòs li gras ak yon vòt non-konfyans nan palman an.

Menm lè Asanble Nasyonal Lejislatif la, ki se chanm depite palman-an, te ouvè seyans ke moun t ap tann lontan pou chavire Khan nan, Minis Lalwa Fawad Hussain ekzòte prezidan pwovizwa chanm depite a pou l deklare vòt la ilegal poutèt li ta swa-dizan fèt anba patwonaj Etazini.

Nan yon diskou tou kout, minis la site yon atik nan Konstitisyon an ki di, "Fidelite anvè peyi a se premye devwa tout sitwayen."

Prezidan chanm nan Khan Suri deklare li paka kite chanm nan vote sou sa ki, dapre sa-l di, sete yon mosyon non-konfyans ilegal kont premye minis la.

"Okenn pwisans etranje pa dwe gen pèmisyon mare konplo pou jete yon gouvènman eli," se pawòl Suri lè li t ap fèmen sesyon espesyal la devan pwotestasyon opozisyon an.

Etazini demanti ke li te jwe okenn wòl nan efò pou chavire premye minis la.

XS
SM
MD
LG