Accessibility links

Breaking News

Lakwa Rouj Di Gen Yon Kriz Sante Kap Boujonnen nan Ikrèn


Refugees from Lviv, Ukraine, arrive at a Red Cross headquarters in Rome, March 22, 2022.
Refugees from Lviv, Ukraine, arrive at a Red Cross headquarters in Rome, March 22, 2022.

Federasyon Entènasyonal Lakwa Rouj ak Kwasan Rouj bay avètisman pou di gen yon kriz sante kap boujonnen nan Ukrèn e ki sanble lap rete la menm lè konfli a fini.

Francesco Rocca prezidan federasyon la Kwa Rouj la te vizite Ikrèn ak Woumani sa pa gen lontan, pou wè kondisyon nan rejyon an depi lame rus te anvayi Ikrèn sa gen 5 semèn.

Li di pa gen okennnn moun nan Ikren ke konfli sa a pa afekte. Li estime gen 18 milyon moun ki se yon tyè nan popilasyon an ki bezwen asistans imanitè. Anplis de sa li ajoute gen apeprè 6 milyon 500 mil moun andedan peyi a ki kite kay yo e plis pase 4 milyon refujye nan peyi vwazen yo ki bezwen asistans entènasyonal.

Li eksprime kè sote sous a li wè kom yon kriz sante kap vini. Li di plizyè milyon moun pa ka jwenn swen medikal ankò ni tretman akoz atak sou lopital yo, anbulans ak pèsonel medikal.

Oganizasyon mondyal Lasante di plis pase 70 enstalasyon swen sante resevwa atak. Genyen nan yo ki detwi net. Omwen 71 moun mouri e 37 lot blese.

XS
SM
MD
LG