Accessibility links

Breaking News

Heineken Kite Larisi


SCOTTISH-NEWCASTLE/
SCOTTISH-NEWCASTLE/

Brasri Olandèz Heineken anonse lendi ke li pral sispann aktivite li nan Larisi, kote kompayi a te genyen 1,800 anplwaye.

Konpayi an te anonse pi bonè mwa sa a ke li te sispann lavant ak pwodiksyon mak byè Heineken li yo nan nan Larisi, e yo te di tou ke yo ap sispann nouvo envestisman ak ekspòtasyon nan peyi a.

Plizyè santèn konpayi oksidantal te kòmanse rale ko yo soti nan Larisi depi kòmansman lagè a nan Ikrèn, tankou Coca-Cola, Ikea, Goldman Sachs ak McDonald's.

Heineken nan yon deklarasyon te di "Nou sezi ak gwo lapenn pou nou wè lagè a nan Ikrèn ap kontinye."

Aktivite gwoup la nan Larisi "pa kapab kontinye ankò nan anviwònman aktyèl sa", "Se poutèt sa, nou te deside kite Larisi", Heineken esplike.

Gwoup la te garanti peman salè 1,800 anplwaye li yo nan Larisi jouk nan fen ane 2022 a.

XS
SM
MD
LG