Accessibility links

Breaking News

Salvadò: 14 moun Jwenn Lanmò Vandredi ki sot pase a e 62 moun Pèdi la vi yo Samdi


EL SALVADOR-GANGS-CRIME-STATE OF EMERGENCY-SECURITY
EL SALVADOR-GANGS-CRIME-STATE OF EMERGENCY-SECURITY

Palman peyi Salvadò a akòde demann prezidan Nayib Bukele te fè pou-l deklare yon eta durjans byen bonè yè dimanch la akoz vag ansasinay ki gen rapò ak gang pandan wikenn pase a.

14 moun jwenn lanmò vandredi ki sot pase a e 62 moun pèdi la vi yo samdi , yon nivo vyolans ke peyi a pa wè depi plizyè lane. Pou konparezon, te gen 79 ka asasinay pandan tout mwa fevriye a.

Bukele te anonse demand sa a samdi sou kont media sosyal li e palman an te apwouve l bonè yè dimanch la. Dekrè sa a ta sispann garanti konstitusyonèl ki ba moun libète pou yo rasanble e li ta lache règleman arestasyon pou yon afè 30 jou, ke yo ka prolonje.

Asasinay yo sanble gen koneksyon ak gang nan lari yo ke tout moun konnen, ki reyisi kontwole anpil katye nan kapital la. Lapolis Nasyonal rapote yo arete 5 lidè gang Mara Salvatrucha ki rele tou MS-13 ki fe konnen se yo ki te bay lòd pou ansasinay yo pandan wikenn nan.

XS
SM
MD
LG