Accessibility links

Breaking News

Koronavirus: Thailand Leve Kèk Restriksyon


A testing site in the car park of Thonburi Bamrungmaung Hospital allows Thai residents to take both rapid tests and PCR tests for COVID19 amid the surge of Omicron cases, Bangkok, Thailand on Feb.24, 2022 (Tommy Walker / VOA)
A testing site in the car park of Thonburi Bamrungmaung Hospital allows Thai residents to take both rapid tests and PCR tests for COVID19 amid the surge of Omicron cases, Bangkok, Thailand on Feb.24, 2022 (Tommy Walker / VOA)

Thailand ap vanse pou-l soti nan sityasyon pandemi an nan 3 mwa pou pita apre ke li fin leve kèk restriksyon akoz Koronavirus la ke li te mete sou vwayaj.

Li wetire tès PCR pou touris anvan yo rive nan Thailand semèn pase a nan kad efò pou ogmante tourism lakay li. Ekspè yo bay avètisman pou di ke si gen yon ogmantasyon nan ka enfeksyon, e si gen laperèz nan piblik la, sa ka anpeche yon tranzisyon an dousè pou antre nan nivo andemi, an palan de yon enfeksyon ki p-ap atake tout moun.

Ministè Sante Thailand la te di, mwa sa a, ke pandemi koronavirus la pwal rele andemi nan mwa Jiyè pou pita , pou ankouraje moun reprann "lavi nòmalman."

Dr. Anan Jongkaewwattana, yon espesyalis nan viris e yon chèchè nan sant Nasyonal pou jeni jenetik ak bioteknoloji nan Thailand di yo dwe kenbe prudans yo pa rapò ak Koronavirus la menm si responsab lasante yo deside desann grad maladi a.

Li di Lavwadlamerik :” Nou dwe klè sou sa ke andemi pa vle di maladi a pa pral sevè menm jan ak sa nou te viv pandan pandemi an. Pou mwen, andemi selman vle di ke Thailand pral kapab kontwole sitiyasyon an nan yon nivo pou li pa fè ravaj nan systèm swen sante peyi a."

XS
SM
MD
LG