Accessibility links

Breaking News
Azi

Japon Pwoteste kont Retrè Larisi nan Negosyasyon Lapè sou 2èm Gè Mondyal la


Foto Achiv: Hirokazu Matsuno, Chef Kabine Ministeryel Japon an.
Foto Achiv: Hirokazu Matsuno, Chef Kabine Ministeryel Japon an.

Japan denonse desizyon Larisi pran pou l wete kò l nan negosyasyon 2 peyi yo t ap fè sou yon fen ofisyèl pou 2èm Gè Mondyal la. Moskou pran desizyon sa a paske li pa renmen pozisyon Tokyo pran sou envazyon Larisi nan Ikrèn nan.

Depi kèk ane deja, 2 peyi yo t ap eseye jwenn yon akò lapè pou yo rezoud mezantant yo genyen akoz yon seri ti zile ki sitiye o-nò gwo zile japonè Hokkaido --ke Larisi reklame e ke l rele Kuril-- ak kèk tèritwa ki o-nò Japon. Larisi te poze men sou zile sa yo e l te plase yo sou labanyè Inyon Sovyetik nan fen 2èm Gè Mondyal la.

Chèf kabinè ministeryèl japonè a, Hirokazu Matsuno, fè konnen depi lendi li soumèt yon pwotestasyon ofisyèl devan Larisi poutèt li kite negosyasyon yo.

Kèk nan nouvèl ki nan atik sa a sòti nan The Associated Press, Reuters avèk Agence France-Presse.

XS
SM
MD
LG