Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Afghanistan: Yon Kanpay Vaksinasyon Kont Lawoujòl

FILE - A child receives a measles vaccine at the Indira Gandhi Children Hospital, in Kabul, Afghanistan, March 15, 2021.

Yon kanpay vaksinasyon kont lawoujòl kap dire yon semèn tanmen nan Afghanistan kote Oganizasyon mondyal la sante fè konnen malady sa-a ki atrapan anpil touye 142 timoun e enfekte 18 mil depi nan komansman ane a.

Kanpay vaksinasyon kont lawoujol la fè pati repons nasyonal pou anpeche epidemi an gaye, sove lavi jèn timoun yo e redui fado sou systèm sante yo dapre deklarasyon OMS ki site sa li prezante kòm pawòl ke reprezantan li nan Afghanistan Luo Dapeng te di yè lendi a.

Kanpay OMS finanse a, ki komanse samdi 12 Mas pase a, sipòte efò otorite lasante de facto Taliban yo nan jan y-ap jere vaksinasyon an.

Dirijan yo mande plizyè milye travayè lasante pou yo vaksinen kont malady a plis pase 1 milyon 200 mil timoun ki pako gen 5 kan nan 49 distri ki nan 24 provens .

Lawoujòl remoute nan Afghanistan depi mwa janvye 2021. Depi lè sa a otorite yo rapote 48 mil 366 ka enfeksyon an ak 250 ka lanmò anba malady a ke yon viris lakoz.

Pwoblèm sante piblik sa a vini nan moman responsab Nasyonzuni yo di plizyè dizèn lane

See all News Updates of the Day

Foutbòl : Karim Benzema Siyen Kontra ak Ekip Al-Ittihad nan Arabi Saoudit

BENZEMA

Yon lòt jwè ki ranpòte balon dò antre nan yon ekip nan Arabi Saoudit.

Karim Benzema ki gen 35 ane di ekip Real Madrid la orevwa e li al rejwenn ansyen koekipye li Cristiano Ronaldo nan Arabi Saoudit.

Petèt tou fanatik foutbòl yo nan peyi sa ap tann sipèsta entènasyonal Ajanten Lionel Messi pou al jwe nan peyi yo.

Messi siyen yon kontra pou 3 sezon ak ekip Al-Ittihad.

Imaj ki parèt sou rezo sosyal montre nan dat 6 Jen an Ballon d'Or 2022 a ki tap siyen yon kontra twazan ak Al-Ittihad nan Arabi Saoudit.

Iran Prezante Yon Misil Nikleyè Sipèsonik

Iran Prezante Yon Misil Nikleyè Sipèsonik
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:03 0:00

Loksidan denonse prezantasyon sou demach nikleyè Iran ki fè jodia yon prezantasyon espesyal .

Mond Foutbòl La Boulvèse Ak Depa Anpil Gwo Jwè

Mond Foutbòl La Boulvèse Ak Depa Anpil Gwo Jwè
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:15 0:00

Messi, Sergio Ramos, Karim Benzema Kraze yon Kite Sa ak klèb yo, PSG, Real Madrid epi Zlatan Ibrahimovic Mete Fen Ak Karyè li Aprè Sezon Li ak Milan AC.

Prens Eritye Jòdani Marye nan yon Seremoni Djak sou Djak

Yon pannkat ki gen potre Prens Eritye Jodani Hussein ak fiyanse li, achitek Saoudyenn Rajwa Alseif, nan Amman, kapital Jodani, 31 Me 2023.

Prens Eritye peyi Jòdani an marye ak pitit fi yon fanmi Saoudyen ki byen koni nan yon selebrasyon ki te dewoule nan pale a. Plizye manm fanmi wayal la ak gwo chabrak ak diyite ki soti toupatou nan mond lan te prezan.

Gwo foul moun te rasanble toupatou nan wayom nan pou we jen prenses la, ki se yon bel dam, nan moman yo tap prezante l bay yon odyans global.

 Prens Eritye Jòdani an Marye
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:37 0:00

Maryaj Prens Hussein, 28 an ak Achitek Saoudyenn Rajwa Alseif, 29 an, atire yon lis envite ki se wo loloy net - pami yo Prens William d Anglete ak madanm ni Kate.

Sepandan maryaj la gen tou, anpil siyifikasyon pou rejyon an. Li mete aksan sou kontinuite nan eta Arab sa a ke moun felisite pou stabilite gouvenman li, epitou rafrechi imaj monarchi a apre yon kont anme ki te dewoule andedan pale a.

Maryaj la taka menm ede Jòdani ranfòse lyen estratejik li ak vwazen li, Arabi Saoudit, ki rich epi chaje ak petwòl.

Zelensky nan Arabi Saoudit

Saudi Arabia Arab Summit

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky anonse Vandredi ke li rive nan Arabi Saoudit pou patisipe nan somè Lig Arab la nan vil Jeddah anvan ke li ale Japon pou patisipe nan reyinyon G7 la.

Zelensky di sou kont Telegram li. "Mwen pral pale nan somè Lig Arab la. Mwen pral rankontre Prince eritye Mohammed bin Salman epi fè lòt chita pale."

Se premye vizit li nan rejyon an depi kòmansman envazyon Ris la 24 fevriye 2022 a.

Apre vwayaj li nan Arabi Saoudit, Volodymyr Zelenskyy espere ale an pèsòn nan somè G7 la nan Iwochima (Japon), kote lidè prensipal ekonomi Lwès yo deja anonse nouvo sanksyon pou trangle ekonomi Ris la.

Prezidan ikrenyen an fèk sot fè vire-won nan plizyè peyi ann Ewòp pou mande plis zam ak ekipman militè pou sipòte yon gwo kont-ofansif ki vize repran teritwa Larisi okipe yo.

Load more

XS
SM
MD
LG