Accessibility links

Breaking News

31 Manm Ajans Entènasyonal Enèji Pral Debloke 60 Milyon Dwoum Petwòl


Biden Gas Prices
Biden Gas Prices

31 manm ajans entènasyonal enèji a fè konnen madi premye Mas la ke yo gen pou debloke 60 milyon dwoum petwòl ki nan rezèv estratejik yo pou ranfòse mache petwòl mondyal la apre envazyon LarIsi nan Ikrèn nan.

Etazini ak peyi ki utilize anpil enèji nan Ewòp la pa sanksyone petwòl Larisi a men yo ogmante pri a depi envazyon an. Yè madi a pri yon dwoum petwòl te depase 100 dola pou premye fwa depi ane 2014.

Larisi se 3 zyèm pi gran produktè petwòl nan mond lan, kote li responsab pou apeprè 12 pousan mache petwòl la, 60% petwòl Larisi a ale an’Ewòp tandiske 20 pousan ale an Chin. Etazini li menm tou enpote petwòl Larisi.

Gwoup la di madi ki sot pase a: Deblokaj sa a se pou voye yon mesaj klè bay mache petwòl yo pou fè konnen pa pral gen okennn mank gaz sou mache a.

"Sityasyon an sou mache enèji a grav e sa mande pou nou ba l tout atansyon nou," se pawòl direktè Ajans entènasyonal enèji a (AIE ) a, Fatih Birol.

Etazini pral responsab pou apeprè mwatye nan deblokaj AIE anonse a.

Sa fè Selman 4 triyèm fwa ke Ajans Entènasyonal Eneji a dirije yon deblokaj kowòdone rezèv stratejik petwòl yo depi yo te kreye rezèv sa apre anbago ki te gen sou petwòl Arab la nan lane 1974.

XS
SM
MD
LG