Accessibility links

Breaking News

Avyasyon Ris la Kontinye Pilonnen Enfrastrikti Militè Ikrenyen yo


An elderly local citizen stands between debris of his house in the aftermath consequences of Ukrainian shelling, in the territory controlled by pro-Russian militants, eastern Ukraine, Feb. 24, 2022.
An elderly local citizen stands between debris of his house in the aftermath consequences of Ukrainian shelling, in the territory controlled by pro-Russian militants, eastern Ukraine, Feb. 24, 2022.

Avyasyon ris la kontinye ap pilonnen enfrastrikti militè ikrenyen kèk èd tan apre Prezidan Putin anonse lansman yon operasyon militè espesyal nan rejyon Donbas la ki nan lès peyi a.

Anons prezidan ris la fè nan televizyon jedi 24 fevriye a pou l di li anvayi Ikrèn konfime enkyetid lidè mondyal yo te genyen depi kèk semen pou lidè ris la pat mete an egzekisyon plan li te genyen depi lè li te kòmanse rasanble plis pase 150,000 solda sou fwontyè ikrenyen an.

Anbasadè Larisi nan Nasyonzini e k ap prezide Konsèy Sekirite a aktyelman, Vassily Nebienza te enfòme asanble a sou desizyon Prezidan Putin nan. Diplomat la chache jistifye atak la li kwè ki te nesesè apre gouvènman kyèv la pat vle aplike akò li te siyen an 2015 ki te mande yon dyalòg dirèk ak lidè separatis Donesk ak Luhansk yo epi bay rejyon Dombas la yon estati espesyal ki prevwa nan akò minks la.

Anbasadè La Risi nan LONU di Ikrèn "Jwen Sa l Tap Chache a"
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:15 0:00

Prezidan Zelensky dekrete yon lwa masyal pandan li mande sitwayen y pou yo pa panike nan moman militè ris yo ap atake plizyè vil pami yo kapital la Kyèv ak objektif pou deboulonen gouvènman an epi demilitarize peyi a. Nan mesaj prezidan ris la jiskavan atak la, Putin deklare "sikonstans yo mande pou n pran aksyon desiziv e imedya pou n retire lidè Ikrenyen yo sou pouvwa a" ke li akize ki ta komèt anpil krim sanglan.

Ofisyèl ikrenyen yo fè konnen enstalasyon militè yo ak lòt enfrastrikti tou pre fwontyè Lapolòy la sibi atak solda ris yo.

Nan yon mesaj televize, prezidan ikrenyen an Volodimyr Zelensky karakterize atak la kòm vilen. Solda gouvènman an kontinye ap boukante kout za m ak solda ris yo nan nò kapital la.

Premye minis britanik la Boris Johnson deklare Lagrand Bretay pare pou l enpoze sanksyon kont Larisi an akò ak lòt peyi oksidantal yo pou demantibile ekonomi ris la.

Sekretè Jeneral l’OTAN an Jens Stoltenberg kalifye atak ris la kòm yon zak brital lagè nan moman li konvoke yon somè lidè yo pou vandredi 25 fevriye pou aktive yon plan defans alyans militè a.

Unyon Ewòp la anonse sanksyon k ap afekte ekonomi sektè finansye ris la, jele byen yo epi entèdi ekspòtasyon tekonoli an Risi.

Prezidan franse a Emmanuel Macron anonse La Frans ap reponn san okenn feblès fas ak aksyon lagè Larisi ann Ikrèn.

Ikrenyen yo nan Tiki manifeste kont envazyon Larisi nan peyi yo.

Minis Defans alman an Christine Lambrecht fè konnen l’OTAN ak peyi alye yo kapab konte sou peyi l. Minis Ekonomi an Robert Habeck fè konnen sanksyon yo ap gen gwo efè sou Larisi. Yo pare pou bay asistans bay moun k ap kouri kite Ikrèn.

Kèk sitwayen ikrenyen deja travèse fwontye Woumani.

Sekretè Jeneral Vatikan an Pietro Parolin ki t ap li yon deklarasyon sou Ikrèn mande pati ki enplike yo pou sispann tout aksyon k ap koze plis soufrans pou popilasyon an, destabilize ko-egzistans ant peyi yo epi aplike lwa entènasyonal nan diskisyon yo. Dapre deklarasyon an Vatikan kwè toujou gen plas pou negosyasyon.

Pòt pawòl Ministè Defans ris la Igor Konashenkov deklare Larisi ofri yon koulwa sekirite pou pèmèt manm lame ikrenyen an fè retrè epi retounen al jwenn fanmi yo an tout sekirite. Militè ris yo resevwa lòd pou trete militè ikrenyen yo ak respè pandan li ajoute yo detwi plis pase 70 enfrastrikti militè ikrenyen tankou 11 pis datetisaj, 3 pòs kòmann, yon baz naval, 18 sit radar ak sistem defans anti-ayeryen.

XS
SM
MD
LG