Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Nasyonzini Debloke $20 Milyon pou Ede Kyèv


Ukraine Tensions
Ukraine Tensions

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, te anonse jedi a, ke Nasyonzini debloke $20 milyon pou èd imanitè dijans pou peyi Ikrèn ak peyi vwazen li yo. Li mande Prezidan Ris la Vladimir Putin ankò pou l sispann atak militè li a nan peyi Ikrèn.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, te di laprès "Nasyon Zini ap ogmante operasyon imanitè li yo alantou peyi Ikrèn epi mwen anonse ke nou pral bebloke imedyatman $ 20 milyon dola nan fon repons nou, pou nou ka satisfè bezwen ijan yo."

Èd sa a pral distribye "nan yon fason nèt ak san patipri". Nou ede moun ki nan bezwen, kèlkeswa ki moun oswa kote yo ye," Guterres deklare.

"Envazyon an ke Larisi fè nan Ikrèn lan "se yon erè, kont Chart Nasyonzini an sa inadmisib," li ajoute. "Mwen repete apèl mwen an kem te fè yè swa (Mèkredi) bay Prezidan Putin: sispann operasyon militè a, fè twoup yo retounen Larisi".

XS
SM
MD
LG